Tès reyaksyon an chèn polimeraz (PCR) pou COVID-19 la se yon tès molekilè ki analize echantiyon respiratwa siperyè w la, pou chèche materyèl jenetik (asid ribonikleyik oswa ARN) SARS-CoV-2 a, viris ki lakòz COVID-19 la. Syantis yo itilize teknoloji PCR a pou anplifye ti kantite ARN ki soti nan echantiyon yo an asid dezoksiribonikleyik (ADN), ki replike jiskaske SARS-CoV-2 detektab si li prezan. Tès PCR a se tès estanda an lò pou dyagnostike COVID-19 depi yo te otorize l pou itilize l an fevriye 2020. Li egzat e fyab.
Dat piblikasyon: 15 Mas 2022
